Anbisyon MVRH a se bay piblik la enfòmasyon konplè sou rich tradisyon kiltirèl entèpretasyon ak reprezantasyon Revolisyon Ayisyèn nan. Tradisyon sa a remonte nan epòk revolisyon an menm (1791-1820). Sou paj sa a, nou ofri resous ki soti nan gwoup rechèch, sant dokimantasyon ak achiv, inivèsite, atis ak pwodiktè. Ou pral jwenn yon varyete resous sou Revolisyon Ayisyèn nan, tankou liv syantifik ak fiksyon, atik, ekspozisyon, jwèt videyo, fim, baz done, dokiman achiv istorik, tèz ak disètasyon.

Enstiti pou Sove Patrimwàn Nasyonal (ISPAN) te fonde an 1979. An 1982, li te reyisi fè enskri Palè Sans-Souci ak Sitadèl Henry sou lis Patrimwàn Mondyal UNESCO a. Batiman sa yo te bati nan kòmansman 19yèm syèk la apre endepandans Ayiti.
Koleksyon dijital sa a gen ladan dokiman sou eksplorasyon akeyolojik, desen achitekti, piblikasyon rechèch entelektyèl Ayisyen fè, ak foto konsènan moniman, estrikti ak sit kiltirèl ak istorik toupatou an Ayiti.
UCLA Library Digital Collections - https://digital.library.ucla.edu/catalog/ark:/21198/z1vh9twt

Mete Revolisyon Ayiti a sou kat jeyografik
se yon kat entèaktif ak yon liy tan sou Revolisyon Ayisyen an. Se Stephanie Curci ak Chris Jones ki reyalize li (Tang Institute, Phillips Academy) anba lisans CC BY-NC-SA 4.0 - https://revolisyonayiti.com/ https://www.mappinghaitianrevolution.com/

CIDIHCA se yon sant dokimantasyon ak enfòmasyon entènasyonal ki, avèk 40 ane eksperyans li, ofri itilizatè yo resous, enfòmasyon objektif ak fyab, ansanm ak sipò pèsonalize nan piblikasyon, kilti ak antreprenarya sosyal. Tout dokimantasyon sa a aksesib atravè achiv dijital ak fizik ki disponib ni atravè seksyon RECHÈCH sit entènèt la ni nan bibliyotèk li a nan Monreyal. https://cidihca.com/


Etidye dokiman orijinal yo epi fè yon vwayaj nan de nan pi ansyen jounal Ayiti yo: Gazette Officielle de l’état d’Hayti (1807-1811) - Gazette Royale d’Hayti (1813-1820). Chak piblikasyon disponib nan fòma orijinal li (PDF) ansanm ak yon vèsyon transkri. - https://lagazetteroyale.com/

"Mawonaj" se yon fòm rezistans gason ak fanm esklav te pratike regilyèman nan sosyete esklavaj nan mond Atlantik la pandan kòmansman epòk modèn nan. Anons pou esklav ki sove yo se sous prensipal pou konprann istwa mawonaj.
Platfòm sa a, ki dokimante plis pase 15,000 anons, reprezante yon bank done san parèy. Nan kòmansman pwojé te konsantre sou Sen Domeng. Kounye a li kouvri tou Giyàn franse, Gwadloup, Jamayik, Karolin disid, Lwizyana, ak zòn sid nan Kanada.
https://www.marronnage.info/fr/accueil.php

Achiv Relijyon ak Kilti Ayisyen an: Koleksyon sa a se rezilta yon kolaborasyon nan rechèch ak lòt aktivite akademik sou Ayiti ak sou Dyaspora Ayisyen. Li gen ladan anpil materyèl prensipal sou yon tradisyon espirityèl ki enpòtan pou Ayisyen ak Ayisyen-Ameriken. Li la pou ankouraje dekouvèt epi patisipe nan edike gran piblik la.
Koleksyon sa a bay kontni sou entènèt pou moun kap fè rechèch oubyen moun ki nan gran piblik la. Ou ka jwenn kontni odyovizyèl ki disponib sou fòm son, fotografi oswa videyo ki transkri, tradui, soutitre ak eksplike; kontni tèks ki disponib sou fòm faksimile ak tradiksyon; epi sentèz kritik tankou kòmantè, analiz detaye (ekzejèz), etimoloji, elatriye. Dokiman sa yo disponib an Angle.
https://www.dloc.com/collections/vodou